Huqúqu’lláh (#7672)

*Vrèman, Huqúqu’lláh se yon gran lwa. Se yon obligasyon pou tout moun swiv li, paske li se yon sous gras, e richès, ak tout sa ki bon. Se yon bonte ki pral rete ak chak nanm nan chak mond pami tout mond Bondye genyen, Li menm Ki Posede Tout Bagay, Ki Gen Tout Bonte.
 



Ou glorifye, O Senyè tout kreyasyon an, Sila a tout bagay oblije vire jwenn nan. Mwen temwaye, ak lang espirityèl mwen e lang materyèl mwen an, Ou te parèt epi revele pwòp tèt pa Ou, Ou te voye desann siyn Ou yo, e Ou te pibliye temwayaj Ou yo. Mwen temwen Ou rete endepandan ak tout bagay, epi Ou sanntifye pi wo pase tout bagay sou tè a. Mwen sipliye Ou avèk glwa Koz Ou a ki pi wo pase tout bagay, e avèk pisans siprèm Pawòl Ou, pou asepte kore li menm ki gen dezi pou ofri sa Ou te bay lòd nan Liv Ou a pou li fè, epi pèmèt li swiv sa ki pral gaye pafen desizyon Ou an lè Ou asepte sa li fè. An verite, se Ou menm Ki Toupisan, Ki Gen Tout Gras, Ki Toujou Padone, Ki Toujou Renmen Bay.

-Bahá'u'lláh
-----------------------

Huqúqu’lláh (#7673)

Se Ou menm Ki glorifye, O Senyè Ki Gen Yon Kè Sansib! Mwen sipliye Ou avèk boulvès oseyan diskou sakre Ou te fè, e avèk tout siyn souverènte siprèm Ou an, avèk prèv Divinite Ou yo ki pa kapab diskite, e avèk mistè kache yo ki rete dèyè vwal anndan konesans Ou, pou ban mwen gras reyisi gen chans sèvi Ou e sèvi sila a yo Ou te chwazi yo, e pou pèmèt mwen ofri avèk devouman ak disiplin Huqúq Ou a, sa Ou te bay kòmandman sou li nan Liv Ou a.
Se mwen menm, O Senyè mwen, ki te mete tout espwa li sou wayòm glwa Ou a, e ki te kenbe avèk anpil fòs woulo wòb gran favè Ou a. O Ou menm Ki se Senyè tout egzistans lan e Dirijan wayòm non yo, mwen sipliye Ou pou pa anpeche mwen jwenn bagay Ou posede yo, ni pou pa anpeche mwen jwenn tout sa ou te deside pou sila a yo Ou te chwazi yo.
Mwen priyè Ou fò, O Senyè tout non yo ak Kreyatè syèl yo, pou ede mwen rete tèlman fèm nan Koz Ou a, avèk gras Ou k’ap bay fòs, l’ap anpeche vanite mond la rive separe mwen avèk Ou tankou gen yon vwal, ni pa kite mwen bloke akoz boulvès ki plen vyolans ki soti bò kote mechan yo k’ap chèche fè pèp Ou yo kite chemen an nan jou Ou yo. Poutèt sa, O Dezi kè mwen, chwazi pou desten mwen tout sa ki bon nan mond sa a ak nan lòt mond k’ap vini an. Vrèman, Ou gen pouvwa pou fè tout sa Ou vle. Pa gen okenn Bondye esepete Ou menm, Sila a Ki Toujou Padone, Ki Plis Renmen Bay.

-Bahá'u'lláh
-----------------------

